TSK

TSK · Mark 11:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

David menm moute sou mòn Pye Oliv yo. Li t'ap kriye, li te pye atè, tèt li te kouvri, paske li te nan gwo lapenn. Tout moun ki t'ap mache deyè l' yo te gen tèt yo kouvri tou, yo t'ap kriye.

¶ Yo t'ap pwoche bò lavil Jerizalèm, yo te gen tan rive nan bouk Betfaje, toupre mòn Oliv la. Lè sa a, Jezi voye de nan disip li yo,

Jezi te chita sou mòn Oliv la. Disip li yo te pou kont yo avèk li. Yo pwoche bò kote l', yo mande li: Manyè di nou kilè sa va rive? Di nou ki siy ki va fè nou konnen lè w'ap vini an, lè tan sa a va fini nèt?

Mark 6:7 TSK

¶ Lè sa a, Jezi rele douz disip li yo, li voye yo de pa de. Li ba yo pouvwa chase move lespri.

Lè sa a, Jezi rele de nan disip li yo, li di yo: -Ale lavil la; n'a kontre yon moun k'ap pote yon krich dlo: swiv li.

John 8:1 TSK

¶ Jezi menm ale mòn Oliv.

Acts 1:12 TSK

¶ Apre sa, apòt yo desann mòn Oliv, yo tounen Jerizalèm. Mòn lan te toupre lavil la, distans yon kilomèt konsa.