TSK

TSK · Mark 15:38

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Li pran ròch kontra yo, li mete yo nan bwat la. Li pase manch yo nan bag yo, epi li mete kouvèti a anwo bwat la.

Yo bati tou pyès ki apa nèt pou Seyè a. Li te gen trant pye lajè, menm jan ak Tanp lan, ak trant pye longè, kare kare. Yo sèvi ak venmil kilo lò pou kouvri tout anndan l'.

Rido ki te nan tanp lan chire fè de moso.

Espwa sa a, se tankou yon lank batiman li ye pou nou. L'ap kenbe nanm nou fè m', byen solid. Lank sa nou genyen an, li chouke jouk lòt bò rido tanp ki nan syèl la.

¶ Konsa, frè m' yo, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an, nou gen antre lib kote yo mete apa pou Bondye a.