Paske lwijanboje a pral jwenn ak bout li. Moun ki t'ap pase Bondye nan betiz la pral disparèt. Yo pral fini ak tout moun ki t'ap chache okazyon pou fè sa ki mal,
TSK
TSK · Mark 3:2
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lè sa a, lòt gwo chèf yo ansanm ak prefè yo t'ap chache yon okazyon pou yo antrave Danyèl nan travay leta a. Men, yo pa t' ka jwenn anyen pou yo repwoche l' sitèlman Danyèl te yon nonm serye nan tou sa l'ap fè. Li pa t' pote ankenn neglijans ni pa t' gen ankenn mank nan travay li.
Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo t'ap veye Jezi konsa pou wè si l' t'ap geri moun jou repo a, paske yo te vle jwenn yon kòz pou akize li.
¶ Yon jou repo, Jezi te al lakay yonn nan chèf farizyen yo pou l' manje. Moun ki te la yo t'ap veye li.
Te gen de twa nan farizyen yo ki t'ap di: Nonm ki fè sa a pa ka soti nan Bondye. Li pa obeyi lalwa repo a. Men, gen lòt ki t'ap di: Ki jan yon nonm k'ap fè sa ki mal kapab fè yon mirak konsa? Te vin gen divizyon nan mitan yo.