Bondye di. Se pou tè a pouse tout kalite plant: zèb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Se konsa sa te pase.
TSK
TSK · Mark 4:28
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Seyè a, Bondye a, te fè tout kalite pyebwa leve nan jaden an, bèl pyebwa ki donnen fwi ki bon pou manje. Nan mitan jaden an te gen de gwo pyebwa. Yonn se te pyebwa ki bay lavi a, lòt la se te pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la.
Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l' rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l' fè soti byen.
Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt.
¶ Li fikse yon lè pou chak bagay byen fèt. Li mete nan kè moun lanvi pou yo konnen sa ki gen pou rive denmen. Men, li pa janm kite yo fin konprann nèt travay l'ap fè a.
N'a konnen Seyè a, n'a toujou chache konnen Seyè a pi byen. Tankou nou sèten solèy la gen pou l' leve, konsa tou nou sèten n'ap jwenn li. Tankou nou sèten lapli gen pou l' wouze latè lè sezon l' rive, konsa tou nou sèten l'ap vin jwenn nou.
Enben, li menm jan ak yon ti grenn moutad. Lè ou simen l', se yon ti grenn tou piti. Se li ki pi piti nan tout grenn ki sou latè.
¶ Lè m'ap lapriyè Bondye, mwen mande l' pou nou gen plis renmen toujou, ak bonkou konesans pou nou ka rive konprann tout bagay,
Mwen mande Seyè a pou nou gen plis renmen yonn pou lòt ak pou tout moun, menm jan mwen renmen nou.