TSK

TSK · Mark 4:35

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Jezi wè li te nan mitan yon gwo foul moun. Li bay lòd pou yo janbe lòt bò lanmè a.

¶ Touswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan kannòt la, li voye yo devan lòt bò lanmè a. Li menm, li te rete dèyè pou l' te voye moun yo ale.

Mark 6:45 TSK

¶ Touswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan yon kannòt, li voye yo devan lòt bò lanmè a, nan direksyon Betsayda. Jezi menm te rete dèyè pou l' voye foul moun yo ale.

Luke 8:22 TSK

¶ Yon jou, Jezi moute nan yon kannòt ak disip li yo. Li di yo: Ann janbe lòt bò letan an. Lamenm yo pati.

John 6:1 TSK

¶ Apre sa, Jezi janbe lòt bò lanmè Galile a. Yo rele lanmè sa a lanmè Tiberyad tou.

John 6:25 TSK

Yo jwenn Jezi lòt bò lanmè a. Yo di li: Mèt, kilè ou gen tan rive isit la?