¶ Antan Jezi t'ap pale konsa ak moun yo, yonn nan chèf jwif yo vin rive, li mete ajenou devan Jezi. Li di li: Pitit fi mwen an fèk mouri. Men, vin mete men ou sou li pou li ka viv.
TSK
TSK · Mark 5:22
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Jezi t'ap pale toujou lè kèk mesaje soti kay chèf sinagòg la vin di li: -Pitit fi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje Mèt la plis pase sa.
Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l' nan pye Jezi, li di l' konsa: Mèt, pa rete kote mwen, paske mwen pa bon.
Yon nonm yo rele Jayiris vin rive. Se li ki te chèf sinagòg la. Li lage kò l' nan pye Jezi, li mande li: Tanpri souple, ann al lakay.
Pyè fè sa pou l' antre, Kònèy kouri vin devan l', li lage kò l' nan pye l', li bese tèt li byen ba devan li.
Krispis, chèf sinagòg la, te mete konfyans li nan Seyè a ansanm ak tout fanmi li. Anpil lòt moun Korent te kwè tou lè yo te tande sa Pòl t'ap di yo, epi yo te resevwa batèm.
Mwen menm Jan, mwen tande bagay sa yo, mwen wè yo. Apre mwen fin tande yo, apre mwen fin wè yo, mwen tonbe ajenou nan pie zanj ki te fè m' wè yo a pou m' adore li.