TSK

TSK · Mark 6:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè sa a, Seyè a move sou Moyiz, li di l' konsa: -Gen Arawon, frè ou la, ki soti nan branch fanmi Levi a. Mwen konnen lang msye pa mare nan bouch li. Men koulye a, li gen tan nan wout ap vin jwenn ou. L'a kontan anpil lè l'a wè ou.

¶ Jezi rele douz disip li yo. Li ba yo pouvwa pou chase move lespri ak pouvwa pou geri tout kalite maladi ak enfimite.

Mark 3:13 TSK

¶ Apre sa, li moute sou yon ti mòn. Li rele moun li te bezwen yo. Yo vin jwenn li.

Luke 6:13 TSK

Lè l' fè jou, li rele disip li yo, li chwazi douz nan yo, li rele yo apòt.

Luke 10:1 TSK

¶ Apre sa, Seyè a chwazi swasanndis lòt disip; li voye yo devan l' de pa de nan tout lavil ak tout kote li menm li te gen pou l' ale.

¶ Swasanndis disip yo tounen ak kè kontan, yo di li: Mèt, ata move lespri yo soumèt devan nou, lè nou pran non ou pou chase yo.