Poukisa atò ou kite nou pèdi chemen ou te mete devan nou an, ou kite nou lage kò nou nan raje? Poukisa ou kite nou fè tèt di, ou kite nou pèdi krentif nou te gen pou ou a? Tanpri, tounen vin jwenn nou non, poutèt moun k'ap sèvi ou yo, poutèt pèp ki toujou moun pa ou la!
TSK
TSK · Mark 8:17
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: Poukisa nou yonn ap di lòt se paske nou pa pote pen kifè m'ap di sa? Ala nou manke konfyans nan Bondye!
Lè sa a Jezi fache, li pwonmennen je l' sou yo tout: sa te fè l' lapenn pou l' te wè jan yo te gen move santiman. Epi li di nonm lan konsa: -Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou men an geri.
¶ Pita, Jezi parèt devan tout onz disip yo yon lè yo t'ap manje. Li repwoche yo dèske yo pa t' gen konfyans, yo t'ap fè tèt di toujou, yo pa t' kwè moun ki te wè l' yo apre li te leve soti vivan pami mò yo.
Men, Jezi pa t' fè okenn ladan yo konfyans, paske li te konnen yo tout byen.
Apre sa, li mande l' yon twazyèm fwa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Sa te fè Simon lapenn anpil lè l' wè Jezi te mande l' yon twazyèm fwa: Eske ou renmen mwen? Li reponn li: Seyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou. Jezi di l' konsa: Pran swen mouton m' yo.
Mwen gen anpil bagay pou m' ta di nou sou sa ankò. Men, se bagay ki difisil anpil pou esplike nou, paske nou lou toujou nan konprann nou.