¶ Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, Seyè k'ap delivre yo a, l'ap pale ak pèp tout moun ap meprize a, pèp nasyon yo pa vle wè a, pèp ki esklav chèf k'ap gouvènen yo a. Li di yo: Wa va leve kanpe lè y'a wè ou. Chèf va ajenou devan ou. Y'a fè sa poutèt Seyè a k'ap toujou kenbe pawòl li, poutèt Bondye pèp Izrayèl la ki te chwazi ou.
TSK
TSK · Matthew 13:55
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Men ki jan Jezikri te fèt. Mari, manman Jezi, te fiyanse avèk Jozèf. Anvan menm yo te antre nan kay ansanm, Mari vin twouve l' ansent pa pouvwa Sentespri.
Nan yo te genyen: Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Jak ak Jozèf, ansanm ak manman pitit Zebede yo.
Te gen kèk fanm la tou; men yo te rete lwen ap gade. Pami yo te gen Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Ti Jak ak Jòz, ansanm ak Salome.
Bondye te voye l' kay yon jennfi ki te fiyanse ak yon nonm yo rele Jozèf. Jozèf sa a, se te moun ras David. Yo te rele jennfi a Mari.
Jezi te gen trantan konsa lè l' kòmanse travay li. Dapre sa yo te kwè, li te pitit Jozèf, Jozèf sa a te pitit Eli.
Moun yo di l' konsa: Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo anvi wè ou.
Apre sa, Filip jwenn Natanayèl. Li di li: Nou jwenn moun Moyiz te pale nou nan liv lalwa a, moun pwofèt yo te pale a tou. Se Jezi, moun lavil Nazarèt, pitit gason Jozèf la.
Gen lòt ki t'ap di: Se Kris la. Gen lòt ankò ki t'ap di: Men, Kris la pa ka soti nan peyi Galile.
Bò kwa Jezi a te gen manman l' ak sè manman l', Mari, madanm Kleopas la, ansanm avèk Mari, moun lavil Magdala a.