TSK

TSK · Matthew 24:35

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Bondye pa tankou moun k'ap bay manti. Non! Li pa tankou moun k'ap chanje lide yo pou ti krik ti krak! Depi li pwomèt yon bagay, l'ap fè l'. Depi li pale, fòk sa li di a rive vre!

Non. Mwen p'ap kase kontra mwen pase ak li a, ni mwen p'ap janm manke l' pawòl.

Bondye toujou kenbe pawòl li. Li pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li.

Wi, zèb la cheche, flè a fennen, Men, pawòl Bondye nou an la pou tout tan!

Ou te mèt wè mòn yo ap souke, ti mòn yo ap tranble, mwen p'ap janm sispann renmen ou. M'ap toujou kenbe kontra mwen te pase pou m' te toujou byen avè ou la. Se Seyè ki renmen ou lan ki di ou sa.

¶ Seyè a mete solèy la pou l' klere lajounen. Li bay lalin ak zetwal yo lòd pou yo klere lannwit. Li eksite lanmè a, li fè l' move. Se li menm ki Seyè ki gen tout pouvwa a: Se konsa yo rele l'.

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: tout tan syèl la ak tè a va la, pa yon ti detay, ni yon sèl ti bout lèt nan lalwa a p'ap disparèt, jouk tout bagay ki pou rive yo rive.

Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo fini tankou rad.

Dapre menm pawòl Bondye a, syèl la ak tè a ki la koulye a ap tann dife a. Yo la ap tann jou jijman an, lè tout mechan yo va disparèt.

Sièl la disparèt nèt tankou yon woulo papie yo vlope. Yo rache tout mòn yo ak tout zile yo, yo mete yo yon lòt kote.