Dimil bon sòlda yo te chwazi nan lame pèp Izrayèl la al kontre ak moun Gibeya yo. Batay la te rèd mare. Men, moun Benjamen yo pa t' ankò konprann batay la tapral vire mal pou yo.
TSK
TSK · Matthew 24:39
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Si ou pran pòz ou pa t' konn sa, chonje Bondye. Li menm k'ap jije sa ki nan kè moun, l'ap wè sa. Li menm k'ap veye tou sa w'ap fè, l'ap konn sa. L'ap fè tout moun peye pou sa yo fè.
Se konsa, li fè pèp la santi jan l' te move, li fè yo konnen soufrans lagè. Tankou dife, kòlè Bondye tonbe sou tout peyi a. Men yo yonn pa t' vle rekonèt sa. Kòlè Bondye boule peyi a nèt. Men, yo yonn pa t' pran sa pou anyen!
Se poutèt sa m'ap pale an parabòl ak moun sa yo. Paske, lè y'ap gade yo pa wè, lè y'ap koute yo pa tande, ni yo pa konprann.
Y'a detwi ou nèt ansanm ak tout moun ki nan mitan ou yo. Yo p'ap kite yon wòch kanpe sou yon lòt, paske ou pa t' rekonèt jou Bondye te vin pote ou sekou a.
Gade non, nou menm k'ap meprize moun, sezisman pral touye nou. Paske mwen pral fè yon travay koulye a nan mitan nou, bagay nou pa ta kwè, menm si moun ta rakonte nou li.
Men, moun sa yo, lè y'ap pale konsa, yo fè espre bliye sa ki te rive nan tan lontan: Bondye te pale epi li fè syèl la. Se li ki te fè tè a soti nan dlo a, se li ki te fè dlo a fè tè a.