Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo, ou bon ak moun ki bon.
TSK
TSK · Matthew 5:7
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo. Ou bon ak moun ki bon.
¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Seyè a va delivre l' lè la nan tray.
Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l'.
¶ Se yon peche ou fè lè ou meprize frè parèy ou. Men, ala bon sa bon pou moun ki gen pitye pou pòv malere!
¶ Moun k'ap mache dwat yo ap fin mouri nan peyi a, sa pa fè pesonn anyen. Moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo ap fin disparèt, pesonn pa wè sa. Mechanste fè moun k'ap mache dwat yo disparèt.
Se poutèt sa, monwa, koute konsèy m'ap ba ou. Fè sa ki dwat devan Bondye pou kouvri peche ou yo. Gen pitye pou pòv malere yo pou kouvri tout mechanste ou yo! Konsa, monwa, w'a ka viv alèz ak kè poze pou lontan ankò.
¶ Se konsa n'a rele frè nou yo moun Bondye. N'a rele sè nou yo moun Bondye gen pitye pou yo.
Y'a reponn li: Non monchè. Seyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w'ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li.
Ou te dwe gen pitye pou kanmarad ou a menm jan mwen te gen pitye pou ou a.
Non, nou menm se pou nou renmen lènmi nou yo, fè byen pou yo. Prete san nou pa mete espwa nou sou renmèt. Se konsa n'a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n'a pitit Bondye ki anwo nan syèl la, paske li menm, li bon ni pou engra ni pou mechan.
¶ Kanta pou moun ki pa marye yo, Seyè a pa ban m' ankenn lòd pou yo. M'ap bay lide pa m', epi nou te mèt fè m' konfyans akòz favè Bondye fè m' nan kè sansib li gen pou mwen an.
Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.
atout nan tan lontan mwen te konn pale l' mal, mwen te pèsekite l', mwen te joure li. Men, se Bondye menm ki te gen pitye pou mwen, paske lè sa a mwen pa t' gen konfyans nan li. Konsa, mwen pa t' konnen sa m' t'ap fè.
Mwen mande Seyè a pou li gen pitye pou moun lakay Onezifò yo. Paske, anpil fwa Onezifò vin konsole mwen. Li pa t' wont mwen dèske mwen te nan prizon.
Paske, Bondye pa mechan pou l' ta bliye travay nou fè, ni renmen nou moutre nou gen pou li, lè nou t'ap rann moun k'ap viv pou li yo anpil sèvis, sèvis n'ap rann yo jouk koulye a toujou.
Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki soti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l'ap viv byen ak tout moun, l'ap respekte tout moun, l'ap tande rezon, l'ap gen kè sansib, l'ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit.