TSK

TSK · Micah 1:16

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

N'a fè pitit fi ak pitit gason, men yo p'ap pou nou, paske lènmi nou yo ap fè yo prizonye, y'ap depòte yo.

Oze te gen nevan depi li te wa lè wa Lasiri a pran lavil Samari. Salmanaza fè tout pèp Izrayèl la prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan, yon pati nan lavil peyi Medi yo.

¶ Seyè a di: Gade jan medam lavil Jerizalèm yo ye non! Y'ap mache tankou yo pa kanmarad pesonn. Yo kage tèt yo dèyè, y'ap fè mesye yo je dou. Y'ap mache banda pou braslè nan pye yo ka sonnen.

Jou sa a, Seyè ki gen tout pouvwa a te rele nou, li te mande nou pou nou kriye, pou nou plenn, pou nou koupe tout cheve nan tèt nou, pou nou mete rad sak sou nou.

Se poutèt sa, mete rad sak sou nou! Kriye! Plenn sò nou! Paske se pa ti move Seyè a move, li p'ap fè pa nou!

¶ Nou menm moun lavil Jerizalèm, koupe tout cheve nan tèt nou voye jete. Moute sou tèt mòn yo, pou nou chante plenn sò nou, paske Seyè a pa vle wè moun ki fè l' fache. Li vire do ba yo, li voye yo jete.

Leve nan mitan lannwit, chak fwa kòk chante, rele nan pye Bondye! Louvri kè ou bay Bondye sèl Mèt la. Mande l' gras mizèrikòd pou ti pitit ou yo, k'ap mouri grangou nan chak kalfou!

Amos 8:10 TSK

M'ap fè nou sispann fè fèt. N'a nan gwo lapenn. M'ap fè nou sispann chante, n'a nan rele. M'ap fè nou mete rad sak kòlèt sou nou. N'a kale tèt nou. M'ap fè nou tonbe nan lapenn tankou moun k'ap kriye pou sèl pitit gason yo ki mouri. Se nan kè sere jounen sa a ap fini pou tout moun.