¶ Yon lè ap rive, yo pral bliye lavil Tir pandan swasanndizan, laj yon wa rive genyen anvan li mouri. Men, apre swasanndizan sa yo, lavil Tir pral tankou jennès yo pale nan chante a:
TSK
TSK · Nahum 3:4
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Koulye a, louvri zòrèy ou, ou menm ki renmen pran plezi ou, ou menm ki chita kè pòpòz epi k'ap di nan kè ou: Se mwen menm ki sèl chèf. Nanpwen lòt! Mwen p'ap janm pèdi mari m'. Mwen p'ap janm konnen sa ki rele pèdi pitit!
Ou mèt rete ak maji ou yo, ak tout wanga ou yo! Depi ou jenn w'ap fatige kò ou sèvi ak yo. Ou pa janm konnen, yo ka fè kichòy pou ou! Ou ka fè moun pè ou ak yo!
¶ Koulye a, Jerizalèm, gwo jennès, koute sa Seyè a ap di:
Li t'ap pale byen fò, li t'ap di konsa: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Koulye a, se la denmon rete. Se la tout kalite move lespri al kache kò yo. Se la tout kalite vie zwazo ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, zwazo moun fèt pou rayi, rete.
Okenn lanp p'ap janm klere lakay ou ankò. Yo p'ap janm tande vwa lemarie ak lamarye ankò. Kòmèsan ou yo, se yo ki te pi grannèg sou latè. Avèk maji ou yo, ou te twonpe tout nasyon yo.