TSK

TSK · Nehemiah 11:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage
Ezra 2:1 TSK

¶ Men lis moun ki te kite peyi Babilòn pou yo tounen lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, chak moun nan lavil kote yo moun. Se moun sa yo wa Nèbikadneza te fè depòte nan peyi Babilòn.

Ezra 2:55 TSK

Men lis moun nan branch fanmi domestik Salomon yo ki te tounen nan peyi a: moun fanmi Sotayi, moun fanmi Asoferèt ak moun fanmi Pewouda,

lis moun ki te kite pwovens Babilòn pou yo tounen lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, chak moun nan lavil kote yo te moun. Se moun sa yo wa Nèbikadneza te fè depòte nan peyi Babilòn.

Men lis prèt ki te tounen, dapre non fanmi yo: Nan pitit Jedaja ki te soti nan branch fanmi Jozye a, nèfsanswasanntrèz moun,

Men lis moun yo te bay pou travay nan tanp Bondye a, epi ki te tounen nan peyi a. Se moun fanmi Zika, moun fanmi Asoufa ak moun fanmi Tabayòt,

Prèt yo, moun Levi yo, gad pòtay tanp yo, mizisyen yo ak anpil nan moun pèp Izrayèl yo ansanm ak travayè tanp yo, wi tout pèp Izrayèl la al rete nan lavil kote yo moun.