TSK

TSK · Nehemiah 11:31

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Apre sa, li pati ankò, li ale nan mòn ki toupre lavil Betèl, sou bò solèy leve. Li moute tant li la. Betèl te sou bò lanmè, Ayi te sou bò solèy leve. Abram bati yon lotèl pou Seyè a la tou, epi li fè sèvis pou li.

Se konsa, Jozye voye yo ale. Y' al anbiske kò yo sou dèyè lavil la, sou bò solèy kouche, ant lavil Ayi ak lavil Betèl. Jozye menm rete pase lannwit lan nan kan an.

Sayil chwazi twamil gason nan pèp Izrayèl la, epi li voye tout rès yo al lakay yo. Li pran demil gason, li fè yo rete avè l' lavil Mikmas ak nan mòn Betèl la. Lòt mil yo te avèk Jonatan, pitit gason Sayil la, lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo.

Moun Filisti yo voye yon ganizon al defann pas Mikmas la.

pou lavil Betèl ak pou lavil Ayi, sanvenntwa moun,

Lènmi gen tan rive nan peyi Ajat! Men y'ap travèse peyi Migwon! Yo kite tout zafè yo lavil Mikmas.