TSK

TSK · Numbers 12:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Moyiz te tande jan pèp la t'ap plenyen, chak moun ak fanmi yo devan papòt tant yo. Seyè a te fache anpil sou moun yo. Sa te fè Moyiz lapenn.

Pèp la te fè Seyè a fache anpil bò sous dlo Meriba a. Sa te fè Moyiz lapenn pou yo.

Seyè a pran plezi l' nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo.

Pran jouk mwen, mete l' sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze.

¶ Men sa mwen menm Pòl, m'ap mande nou ak dousè ansanm ak bon kè ki soti nan Kris la. Gen moun ki pretann mwen fèmen lè m' nan mitan nou, men lè m' lwen nou mwen sevè.

¶ Mwen sot pale la a tankou moun fou. Men, se nou menm ki lakòz sa. Se nou menm ki pou ta pran defans mwen. Mwen te mèt pa anyen vre, men, apòt nou yo ki kwè yo plis pase tout moun, yo pa gen anyen pase mwen.

James 3:2 TSK

Nou tout nou bite nan plizyè sans. Yon moun ki pa janm bite nan pawòl li, se yon moun ki bon nèt; moun sa a kapab kontwole tout kò l' byen tou.

Okontrè, se sa ki nan kè nou ki tout bèlte nou, yon bèlte ki p'ap janm pase. Se pou nou gen yon karaktè dou, yon karaktè poze. Se sa ki gen valè devan Bondye.