TSK

TSK · Numbers 17:5

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè pou Tant Bondye a deplase, se moun fanmi Levi yo ki va demoute l'. Lè yo rive kote pou yo rete a, se moun fanmi Levi yo ki va moute l' tou. Nenpòt lòt moun ki pa nan branch fanmi Levi a epi ki ta pwoche bò tant lan, se pou yo touye l'.

Lè ou menm ak tout bann mesye ou yo n'ap plenyen konsa sou do Arawon, kisa Arawon ye nan sa? Konnen se kont Seyè a menm wi nou pran pozisyon.

Seyè a di Moyiz: -Remete branch bwa Arawon an devan Bwat Kontra a. Se pou yo konsève l' pou sa sèvi yon siy pou moun tèt di sa yo, pou yo ka sispann bougonnen. Si yo pa sispann bougonnen, y'ap mouri!

¶ Men, lè li fin chita pouvwa l' byen chita, lògèy vire tèt li, sa lakòz pye l' chape. Li fè bagay Seyè a, Bondye li a, pa t' ba li dwa fè. Yon jou li antre nan Tanp Seyè a pou boule lansan sou lotèl lansan an.

Se sa ki fè y'ap disparèt nou sou tè a tankou pay ak zèb chèch ki boule nan dife. Rasin yo ap pouri anba tè. Van ap pran flè yo, l'ap bwote yo ale tankou pousyè, paske yo pa t' koute lòd Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te ba yo. Yo te meprize kòmandman Bondye pèp Izrayèl la te bay.

Seyè a di ankò: -Mwen pral fè dezolasyon tonbe sou tout latè poutèt mechanste moun yo ap fè. Mwen pral pini tout mechan yo poutèt fòfè y'ap fè yo. Mwen pral kraze lògèy tout moun k'ap gonfle lestonmak yo. Mwen pral kraze awogans tout mechan k'ap peze moun anba pye yo.

¶ Dezè ak tè sèk pral kontan yon sèl kontan. Savann yo pral kontan tou, yo pral fleri.

M'ap mete yon fren nan dezòd ak metye jennès ou t'ap fè depi nan peyi Lejip la. Ou p'ap wè yo ankò devan je ou. Ou p'ap chonje peyi Lejip ankò.