Mapral ba ou anpil pitit pitit. Si yon moun ka konte tout grenn pousyè ki sou latè, la rive konte pitit pitit ou yo tou.
TSK
TSK · Numbers 23:10
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Pitit pitit ou yo pral menm kantite ak grenn pousyè ki sou latè. Yo pral gaye nan tout direksyon, lès, lwès, nò, sid. Ou menm ak tout pitit pitit ou yo, nou pral tounen yon benediksyon pou tout moun ki sou latè.
Konsa, anba làbanyè Woubenn lan te gen twa divizyon. Sa te fè antou sansenkanteyenmil katsansenkant gason. Se toujou yo menm ki pou mache an dezyèm pozisyon lè y'ap deplase.
Konsa, anba làbanyè Dann lan, te gen twa divizyon. Sa te fè antou sansenkannsètmil sisan gason. Se toujou yo menm ki pou mache dèyè nèt, chak divizyon anba drapo pa yo.
Gade moun k'ap mache dwat la byen gade. Gade tout vire tounen l'. Moun ki viv byen ak tout moun ap gen pitit ak pitit pitit.
¶ Mechanste mechan an, se sa k'ap jete l' atè. Men, moun ki fè sa ki byen, y'ap pwoteje l' menm lè lavi l' an danje.
Koulye a, Mèt, ou kenbe pawòl ou; ou mèt kite sèvitè ou la mouri ak kè poze.
Paske, moun ki gen kò ki fèt pou pouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap ka pouri. Moun ki gen kò k'ap mouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap janm mouri.
¶ Paske pou mwen, lavi se Kris la. Se poutèt sa lanmò se yon gany pou mwen.
Wi, toutotan mwen poko mouri, mwen kwè se yon devwa pou m' fè nou chonje bagay sa yo pou dòmi pa pran nou.