TSK

TSK · Numbers 32:33

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Moun branch fanmi Woubenn ak moun branch fanmi Gad yo te gen anpil anpil bèt. Lè yo wè jan peyi Jazè a ak peyi Galarad la te bon pou fè gadinaj,

Yo resevwa pòsyon tè pa yo ki anfas lavil Jeriko, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve.

¶ Apre sa, nou pran yon lòt chemen nan direksyon peyi Bazan an. Men, Og, wa peyi Bazan an, soti ak tout lame li a, li vin kare pou batay ak nou bò lavil Edreyi a.

¶ Lè nou fin pran peyi a pou nou, mwen bay branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la pòsyon ki soti bò lavil Awoyè a, toupre ravin Anon, rive pran mwatye nan mòn Galarad la avèk tout lavil ki ladan yo.

Se Moyiz, sèvitè Seyè a, ansanm ak pèp Izrayèl la ki te kraze wa sa yo. Apre sa, Moyiz, sèvitè Seyè a, te pran tout peyi sa yo li bay moun branch fanmi Woubenn lan, moun branch fanmi Gad la ak mwatye nan moun branch fanmi Manase a.

Koulye a, Seyè a, Bondye nou an, ba yo lapè jan li te di yo a. Se konsa, nou mèt tounen al lakay nou, nan peyi ki pou nou an, peyi Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou lòt bò larivyè Jouden.

¶ Branch fanmi Woubenn lan, branch fanmi Gad la ak mwatye branch fanmi Manase a te gen antou karannkatmil sètsanswasant sòlda, tout vanyan gason, ki konn sèvi ak pwotèj an fè ak nepe, ak banza. Yo te abil nan fè lagè.

Nan fanmi an, te gen antou demilsètsan vanyan gason ki te chèf fanmi yo. Wa David te mete yo reskonsab branch fanmi Woubenn lan, branch fanmi Gad la ak mwatye nan branch fanmi Manase a ki t'ap viv lòt bò larivyè Jouden sou bò solèy leve, pou wè si tout bagay ki gen rapò ak sèvis Bondye ansanm ak zafè wa a t'ap mache byen.

Li touye gwo wa yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!