TSK

TSK · Numbers 33:54

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Fanmi ki gen anpil gason va resevwa yon pi gwo pòsyon. Fanmi ki pa gen anpil gason va resevwa yon pi piti pòsyon. Chak fanmi va resevwa yon pòsyon dapre kantite gason ki gen ladan l'.

Lè n'ap wete nan pòsyon ki pou pèp Izrayèl la lavil pou moun Levi yo, chak fanmi va bay dapre pòsyon tè li te resevwa. Sa ki gen pi gwo pòsyon an va bay plis. Sa ki gen ti pòsyon an va bay mwens.

¶ Tè ki te vin pou moun fanmi Jozèf yo te konmanse bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, sou bò solèy leve. Li soti la, li moute nan mòn yo jouk li rive Betèl.

¶ Moun branch fanmi Benjamen yo te jwenn pòsyon tè ki nan mitan an, pòsyon tè moun Jida yo yon bò ak pòsyon tè moun Jozèf yo yon lòt bò.