TSK

TSK · Numbers 34:11

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

bay tout wa ki rete bò nò a, nan mòn yo, nan fon ki anba Chinawòt, nan plenn yo ak nan koulin Dò yo bò solèy kouche.

Nan fon an yo te gen lavil sa yo: Bèt aram, Bèt-Nimra, Soukòt ak Zafon, rès peyi wa Siyon ki te rete Esbon an. Larivyè Jouden te sèvi yo fwontyè rive letan Galile nan nò. Tout pòsyon pa yo a te lòt bò solèy leve.

Farawon Neko fèmen l' nan prizon lavil Ribla nan zòn Amat, pou li pa gouvènen nan lavil Jerizalèm anko. Lè sa a tou, farawon an fè peyi Jida soumèt devan l'. Li fòse peyi a ba li sètmil senksan liv ajan ak swasannkenz liv lò.

Men, sòlda lame Babilòn yo rapouswiv yo. Yo mete men sou Sedesyas nan plenn toupre lavil Jeriko a. Yo pran l', yo mennen l' bay Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ki te lavil Ribla, nan peyi Amat. Rive la, wa Babilòn lan bay lòd sa pou yo fè Sedesyas.

Neboucharadan pran yo, li mennen yo bay wa Babilòn lan lavil Ribla.

Luke 5:1 TSK

¶ Yon jou, Jezi te bò kote letan Jenezarèt la; yon foul moun t'ap kwense l' toupatou pou tande pawòl Bondye a.