TSK

TSK · Philippians 1:28

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.

Se Bondye ki delivre m'! Mwen gen konfyans nan li. Kè m' pa kase ankò! Se Seyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'!

Seyè a di: -Se mwen menm k'ap ban nou kouraj. Poukisa pou nou ta pè moun ki la pou mouri, moun ki gen pou pase tankou zèb nan savann?

Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè.

Luke 3:6 TSK

Tout moun va wè jan Bondye ap delivre nou an.

Men anvan tou sa, y'ap arete nou, y'ap maltrete nou; y'ap trennen nou nan sinagòg pou yo jije nou; y'ap mete nou nan prizon, y'ap fè nou konparèt devan wa ak chèf gouvènman poutèt mwen.

Acts 5:40 TSK

Yo rele apòt yo ankò. Yo fè yo bat yo byen bat, yo pase yo lòd pou yo pa pale nan non Jezi ankò. Apre sa yo lage yo.

¶ Si se pitit Bondye nou ye, nou gen pòsyon pa nou nan eritaj Bondye te pwomèt moun pa l' yo, n'a resevwa pa nou ansanm ak Kris la nan tou sa Bondye te sere pou li. Paske, si nou soufri ansanm ak li, n'a resevwa lwanj nan men Bondye ansanm ak li tou.

¶ Sa fè moun wè se Bondye ki gen rezon lè l'ap jije. Paske, avèk tou sa n'ap sipòte koulye a, n'ap fin bon nèt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n'ap soufri konsa.

Sa se pawòl sèten: Si nou mouri ansanm avè l', n'a viv ansanm avè l' tou.

¶ Frè m' yo, nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k'ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife. Nou pa bezwen konprann sa se yon bagay estwòdenè k'ap rive nou la a.