TSK

TSK · Proverbs 15:26

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Moun ki mache dwat devan Bondye bay bon konsèy. Se bon pawòl ase ki soti nan bouch li.

Gen sis bagay Seyè a pa vle wè. Sa m'ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte:

¶ Seyè a pa vle wè moun k'ap mache pye gaye. Men, li pran plezi l' ak moun k'ap mache dwat nan chemen yo.

Tou sa moun san konprann gen lide fè, se fè sa ki mal. Konsa tou, moun pa vle wè moun k'ap plede pase moun nan betiz.

Bann vèmen! nou twò mechan. Bon pawòl pa ka soti nan bouch nou. Sa ki nan kè yon moun, se sa ki soti nan bouch li.