¶ Jozèf te gen trantan lè li te konmanse sèvi farawon an, wa peyi Lejip la. Li pati, li vwayaje toupatou nan peyi Lejip la.
TSK
TSK · Proverbs 22:29
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Kèk moun ki te tande sa David t'ap di al rapòte sa bay Sayil ki voye chache l'.
Ala bèl chans madanm ou yo genyen! Ala bèl chans moun k'ap travay avè ou yo genyen! Yo toujou la devan ou ap tande pawòl bon konprann k'ap soti nan bouch ou!
Se moun ki te konn fè veso an tè. Yo te rete lavil Netayim ak lavil Gedera. Se yo ki te konn travay pou wa a.
¶ Travay di fè ou grannèg. Men, parese fè ou rete ak moun.
Se pou jenn mesye sa yo bèl gason san okenn enfimite. Se pou yo gen bon konprann, bon levasyon ak anpil konesans pou yo ka sèvi nan palè wa a. Achpenaz te gen pou l' te moutre yo jan pou yo li, jan pou yo ekri lang moun Babilòn yo.
Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. vin fè fèt avèk mèt ou.
Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n'ap rann Mèt la.