TSK

TSK · Psalms 119:80

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Seyè a, Bondye nou an, pase nou lòd jòdi a pou nou swiv tout lwa ak tout regleman sa yo. N'a kenbe yo, n'a fè sa yo mande nou la a ak tout kè nou ak tout nanm nou.

Atout li pa t' rive fè disparèt tout kay zidòl yo, li menm li te toujou sèvi Seyè a ak tout kè li pandan lavi li.

Se konsa Ezekyas te fè nan tout peyi Jida a. Li te fè sa ki byen, sa ki dwat ak tout kè li devan Seyè a, Bondye li a.

Fè m' viv yon jan ki san repwòch. Fè m' mache dwat pou ou ka pwoteje m', paske tout espwa mwen se nan ou li ye.

Konsa, mwen p'ap janm wont lè m'ap kalkile kòmandman ou yo.

M'ap fè yo mete nou deyò nan lavil la. M'ap lage nou nan men moun lòt nasyon yo. M'ap pini nou jan m' te pwomèt nou sa a.

¶ Men rezon ki fè m' kontan ak tèt mwen anpil konsa: Konsyans mwen pa repwoche m' anyen pou jan m' te mennen tèt mwen byen nan mitan tout moun, ak kè ouvè, san ipokrizi, sitou nan mitan nou menm, moun Korent, jan Bondye vle l' la. Paske, sa se travay favè Bondye a, se pa t' bon konprann lèzòm ki t'ap dirije mwen.