Li di yo: -Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Si nou koute m' lè m' pale nou, si nou fè tout sa ki dwat devan mwen, si nou louvri zòrèy nou pou swiv kòmandman mwen yo, pou nou kenbe lòd mwen ban nou, mwen p'ap voye malè sou nou, jan mwen te fè moun peyi Lejip yo. Se mwen menm, Seyè a, k'ap geri nou.
TSK
TSK · Psalms 6:2
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Se mwen menm, mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt bondye pase mwen menm. Mwen bay lavi, mwen pran lavi jan m' vle. Lè mwen bay maladi, se mwen ki pou bay gerizon. Pa gen moun ki ka delivre pesonn anba men mwen.
Nou se zanmi m'. Pitye pou mwen! Pitye! Se Bondye menm ki leve men sou mwen.
Mwen pèdi tout fòs mwen, tankou dlo ki tonbe atè. Tout zo nan kò m' dejwente. Mwen santi kè m' ap kase, tout zantray mwen ap bouyi.
Mwen pase tout lavi m' ap soufri, se tout tan m'ap plenn. Mwen santi m'ap febli paske mwen fè twòp move bagay. Tout zo nan kò m' ap fè m' mal.
Ou bat mwen jouk ou blese m'. Ou kale m' byen kale.
Mwen gen yon lafyèb cho sou mwen. Mwen santi mwen malad nan tout kò m'
Fè m' tande pawòl ki pou fè kè m' kontan an, pawòl ki pou fè m' chante a. Wi, ou te kraze tout zo nan kò m', men w'a fè kè m' kontan ankò.
Korije pèp ou a, Seyè. Men, pa peze l' twòp! Pa fè kòlè sou li, paske w'a fini avè l'.
¶ Pèp la di: -Annou wè non! Ann tounen al jwenn Seyè a! Se li menm ki blese nou, se li menm ankò ki ka geri nou! Se li ki mete san nou deyò, se li ki ka mete renmèd sou malenng nou yo.