Seyè, w'a koute moun ki soumèt devan ou lè y'ap lapriyè. W'a ba yo kouraj.
TSK
TSK · Psalms 71:2
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
M'ap rele ou, Bondye, paske ou reponn mwen. Tanpri, panche zòrèy ou bò kote m', koute sa m'ap di ou:
Panche zòrèy ou bò kote m', prese vin delivre mwen. Se ou menm ki twou wòch kote m' ka jwenn pwoteksyon. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa. Se ou menm ki pou delivre m'.
¶ Fè m' jistis, Bondye. Defann kòz mwen kont moun sa yo ki pa konnen ou. Delivre m' anba moun sa yo k'ap bay manti, k'ap fè mechanste.
¶ Se yon sòm David. Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Panche zòrèy ou pou tande jan m'ap kriye nan pye ou. Reponn mwen, paske ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pa nan patipri.
Seyè, ou te toujou pran defans nou nan tan lontan. Tanpri, pa fache, pa move sou lavil Jerizalèm ankò. Se mòn pa ou la, se mòn ki apa pou ou a li ye. Tout moun k'ap viv nan peyi tou kole ak nou yo ap pase ni lavil Jerizalèm ni pèp ou a nan betiz, poutèt peche nou yo ak mechanste zansèt nou yo te fè.