TSK

TSK · Psalms 9:5

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

David di sòlda Filisti a konsa: -W'ap mache sou mwen avèk nepe, gwo frenn ak ti frenn. Men mwen menm, m'ap mache sou ou nan non Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye lame pèp Izrayèl la. Se li menm ou te mete an defi vin goumen avè ou.

Lè David vin konnen Nabal mouri, li di: -Lwanj pou Seyè a! Li fè Nabal peye wont li te fè m' lan, li kenbe men m' pou m' pa fè sa ki mal. Seyè a fè mechanste Nabal la tonbe sou pwòp tèt li. Apre sa a David voye di Abigayèl li ta renmen l' pou madanm.

¶ Apre sa, wa David pati pou lavil Jerizalèm ansanm ak sòlda li yo, li al atake moun Jebis yo ki te rete nan zòn sa a. Moun Jebis yo te konprann David pa ta ka antre pran lavil la. Yo di l' konsa: -Ou p'ap janm ka rive antre nan lavil nou an. Ata moun je pete ak moun enfim ka gen kont fòs pou mete ou deyò.

¶ Moun Amon yo vin konprann yo te fè David fache. Yo voye chache venmil sòlda lavil Bètreyòb ak lavil Zoba nan peyi Aram lan, ak douzmil gason lavil Tòb. Yo voye chache wa lavil Maka a tou ansanm ak mil sòlda. Yo peye yo pou yo vin goumen pou yo.

¶ Lagè pete ankò ant moun Filisti yo ak moun peyi Izrayèl yo. David desann ak sòlda li yo, li al goumen ak moun Filisti yo. Pandan y'ap goumen konsa, David santi l' bouke.

¶ Poukisa nasyon yo ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen?

Ou detwi tout moun k'ap bay manti. Ou pa ka sipòte moun k'ap touye moun, ni moun k'ap twonpe moun.

Li mete lòt nasyon yo deyò pou bay pèp li a plas. Li separe tè a, li bay chak branch fanmi Izrayèl la pa yo. Li kite yo moute kay yo kote lènmi yo te rete.

pou tire revanj sou nasyon yo, pou pini pèp yo,

¶ Moun k'ap mache dwat yo tankou lanp k'ap klere byen klere. Men, mechan yo tankou yon lanp ki prèt pou mouri.

Bondye Sèl Mèt, ou pran ka m' an konsiderasyon. Ou sove lavi m'.

Yon nepe byen file t'ap soti nan bouch kavalie a. Se ak nepe sa a li t'ap frape nasyon yo. Li t'ap mennen yo ak yon baton fè. Li t'ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a.