TSK

TSK · Revelation 17:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Yo di li: --Koute. Gen senkant nan nou la a. Nou tout se vanyan gason. Kite n' al chache mèt ou a. Ou pa janm konnen. Lespri Bondye a ka pran l' al lage sou yon mòn osinon nan yon fon. Men, Elize di yo: --Non. Pa voye pesonn dèyè l'.

Apre sa, Lespri Bondye a pran m', li leve m' anlè. Mwen tande yon bann vwa dèyè do m' ki t'ap di: Lwanj pou Seyè a ki fè wè gwo pouvwa li nan syèl kote l' rete a.

Nan vizyon an toujou, mwen wè lespri Bondye a pran m', li mennen m' tounen lavil Babilòn nan mitan moun yo te depòte yo. Lèfini, vizyon an disparèt.

Mwen te vle plis esplikasyon sou dis kòn ki te sou tèt li yo ak sou ti kòn ki te parèt apre a epi ki te fè twa nan lòt kòn yo tonbe. Ti kòn sa a te gen je tankou moun ak yon bouch ki t'ap di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. Li te parèt pi gwo pase tout lòt yo.

Wa peyi Siri a va fè sa li vle. Li pral gonfle lestonmak li, li pral mache di jan li pi gran pase tout bondye. L'ap di yon bann vye koze sou Bondye ki anwo tout bondye yo. L'ap fè sa konsa jouk lè pou Bondye pini l' lan va rive. Paske, tou sa Bondye te di ki pou fèt la gen pou fèt.

Mechan sa a ap kanpe, l'ap pran pozisyon kont tout bagay lèzòm ap sèvi, kont tout bagay lèzòm konsidere pou Bondye. La fè, la fè, jouk la antre nan tanp Bondye a, la chita, la fè tèt li pase pou Bondye.

Lamenm, Lespri Bondye a fè m' fè yon vizyon, mwen wè yon fòtèy nan sièl la ak yon moun chita sou li.

Fanm lan menm kouri ale nan dezè a, kote Bondye te pare yon plas pou yo te ba l' manje pandan mildesanswasant jou.

¶ Apre sa, mwen wè yon bèt ki t'ap soti nan lanmè a, li te gen dis kòn ak sèt tèt. Li te gen yon kouwòn sou chak kòn. Li te gen make sou chak tèt li yo yon non ki te yon gwo jouman pou Bondye.

Mwen wè fanm lan te sou tèlman li te bwè san moun k'ap sèvi Bondye yo ak san tout moun yo te touye paske yo te pran pozisyon pou Jezi. Lè m' wè l', mwen te sezi anpil.

Pou fini, fanm ou te wè a, sè gwo lavil k'ap donminen sou tout wa ki sou latè yo.