Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li. Nou tout pitit pitit Jakòb yo, chante pou li. Nou tout pèp Izrayèl la, adore li.
TSK
TSK · Revelation 19:5
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou tout k'ap sèvi Seyè a, nou tout k'ap pase nwit lakay li ap sèvi l', ann fè lwanj Seyè a!
Nou menm, pèp Izrayèl la, fè lwanj Seyè a! Nou menm, prèt Bondye yo, fè lwanj Seyè a!
Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Seyè a! Lwanj pou Seyè a!
Nasyon yo te move anpil, paske lè a rive, ou pral fè wè kòlè ou. Tout moun mouri yo pral pase anba jijman. Lè a rive, ou pral bay pwofèt yo, sèvitè ou yo, rekonpans yo, ansanm ak tout moun ki pou ou yo epi ki gen krentif pou ou, piti kou gran. Wi, lè a rive pou ou detwi moun k'ap detwi latè a!
Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo.