TSK

TSK · Revelation 19:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Nou menm nasyon ki sou latè, fè kè nou kontan ak pèp Bondye chwazi a! Paske Seyè a pral tire revanj pou lanmò sèvitè l' yo. L'a bay moun ki pa vle wè l' yo sa yo merite. L'a wete tout vye bagay ki t'ap fèt nan peyi pèp li a.

pou m' ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou m' di yo poukisa m'ap fè lwanj ou. M'ap kontan nèt, paske ou te delivre m'.

Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis.

¶ Se yon sòm pou di Bondye mèsi. Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan.

¶ Lè se moun serye ki chèf, pèp la kontan. Men, lè se yon mechan k'ap gouvènen, pèp la nan lapenn.

¶ Leve non, mòn Siyon! Leve non! Mete kouraj ou sou ou! Mete pi bèl rad ou sou ou, ou menm Jerizalèm, lavil Bondye a! Paske moun lòt nasyon yo, ki pa pote mak kontra Bondye a, ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye, p'ap janm mete pye lakay ou ankò.

Fè kè nou kontan ansanm ak lavil Jerizalèm. Fè fèt pou li, nou tout ki renmen l'! Se pou nou kontan ansanm avè l' koulye a, nou menm ki te nan lapenn pou li!

Izrayèl, m'ap pran angajman pou m' viv avè ou pou tout tan, m'ap toujou respekte ou, m'ap toujou kenbe pawòl mwen avè ou. M'ap toujou renmen ou, m'ap toujou gen pitye pou ou.

Nan Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon wa ki t'ap fete nòs pitit gason li.

tankou domestik k'ap tann mèt yo tounen sot nan nòs. Kou l' rive, li frape, yo louvri pòt pou li.

M'ap fè jalouzi pou nou, yon jalouzi ki soti nan Bondye. Paske, nou tankou yon jenn fi ki pa nan dezòd. Mwen fiyanse nou ak yon sèl gason. Gason sa a se Kris la.

Se yon gwo verite wi Bondye fè nou konnen nan pawòl sa a. Mwen menm, mwen kwè verite sa a se pou Kris la ak legliz la.

Zanj lan di m': Ou mèt ekri: benediksyon pou tout moun ki envite nan resepsyon mariaj ti Mouton an. Apre sa li di m': Pawòl sa yo se pawòl Bondye tout bon.

¶ Yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode plen ak sèt dènye kalamite yo vin di mwen: Vini non. Mwen pral moutre ou lamarye a, fiyanse ti Mouton an.