TSK

TSK · Revelation 8:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Moyiz lonje baton l' lan anlè nan syèl la. Seyè a voye loraj, lagrèl ak zèklè. Loraj la tonbe anpil kote. Wi, Seyè a voye lagrèl sou tout peyi Lejip la.

Pandan yo t'ap kouri devan lame Izrayèl la, depi nan desann pant Bètowon an jouk yo rive Azeka, Seyè a rete nan syèl la, li voye gwo boul lagrèl sou yo pou touye yo. Lagrèl la te touye plis moun pase lame Izrayèl la avèk nepe yo.

Anpil lagrèl ak anpil chabon dife t'ap soti nan gwo limyè ki t'ap klere devan l' lan.

Li pa ba yo lapli, li voye lagrèl pito ak kout zèklè sou peyi a.

Bondye ki limyè pèp Izrayèl la pral tounen yon dife. Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa pral tounen yon flanm dife. Nan yon sèl jou l'ap boule tout pikan ak tout raje, fè yo tounen sann.

Seyè ki gen tout pouvwa a ap parèt sou ou, avèk gwo van loraj, tranblemanntè, ak yon pakèt gwo bri, avèk siklòn, van tanpèt ak gwo flanm dife k'ap boule.

Men lagrèl pral tonbe sou gwo rakbwa a. Yo pral kraze lavil la.

M'ap pini l', m'ap voye maladi sou li, m'ap mete san l' deyò. Mwen pral voye gwo lapli avèk lagrèl, dife ak souf sou li, sou lame li a ak sou tout nasyon ki kanpe avè l' yo.

Nan tout peyi a, sou chak twa moun, de pral mouri, yonn va rete.

Solèy la leve ak tout chalè li. Li cheche zèb la. Flè a tonbe. Tout bèlte l' disparèt. Konsa tou, moun rich la gen pou l' disparèt pandan tout kòmès li ap mache.

Mwen gade, mwen wè yon chwal koulè vèt. Moun ki te moute l' la te rele lanmò. Moun ki kanpe pou kote mò yo ye a t'ap mache dèyè li. Yo ba yo pouvwa sou yon ka latè a, pou yo touye moun ak nepe, ak grangou, ak maladi, ak bèt nan bwa ki sou latè.

Yo te di yo pou yo pa t' fè malè sou okenn zèb, ni sou okenn piebwa ni sou okenn lòt plant. Se sou moun sèlman pou yo te fè malè. Epi se pa sou tout moun non, sèlman sou moun ki pa t' pote mak letanp Bondye a sou fwon yo.

Twa bagay sa yo ki t'ap soti nan bouch chwal yo, se te twa kalamite ki te touye yon moun sou chak twa moun sou latè.

Premie zanj lan pati, li vide gode pa l' la sou latè. Menm lè a, moun ki te gen mak bèt la sou yo, moun ki t'ap adore estati l' la, yo tout te kouvri ak move malenng ki t'ap fè yo soufri anpil.