TSK

TSK · Titus 2:10

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Men Jozèf derefize, li di l': -Mèt mwen an pa okipe anyen k'ap pase nan kay li a, paske mwen la. Li lage tout bagay nan men m'.

Seyè a va bay chak moun sa yo merite, dapre jan yo mache devan li, dapre jan yo kenbe pwomès yo. Jòdi a, li te lage ou nan men m'. Men, mwen pa fè ou anyen, mwen pa leve men m' sou wa Seyè a te chwazi a.

M'ap pran swen moun nan peyi a ki kenbe Bondye fèm. M'ap kite yo rete bò kote m'. Moun k'ap mache dwat yo, se yo m'ap pran pou sèvi lakay mwen.

Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.

Luke 16:6 TSK

Li reponn: Mwen dwe l' san bidon lwil. Msye di l': Men papye ou la, chita, ekri senkant. Fè vit.

John 12:6 TSK

Li pa t' di sa paske li te vle fè kichòy vre pou pòv yo, men paske se vòlè li te ye. Se li ki te kenbe kès lajan an, li te konn pran nan sa yo te mete ladan li.

¶ Sèl bagay ki konsekan se pou nou viv yon jan ki konfòm ak bon nouvèl Kris la. Konsa, mwen ta mèt rive vin wè nou, mwen ta mèt pa kapab, se pou m' tande jan n'ap kenbe fèm, jan n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Se pou m' tande jan n'ap mennen batay la ansanm pou defann konfyans bon nouvèl la fè nou gen nan Bondye.

Pou fini, frè m' yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.

¶ Kanta chèf reskonsab yo k'ap dirije legliz la byen, se pou yo resevwa yon lajan doub, sitou ansyen k'ap bay tout tan yo pou bay pawòl la ak pou fè enstriksyon moun yo.

Si yon moun ap moutre yon lòt doktrin ki pa dakò ak pawòl verite ki soti nan Jezikri a, ni avèk sa relijyon nou te montre nou an,

Se pou nou gen yon bon kondit nan mitan moun sa yo ki pa konn Bondye. Konsa, lè y'ap pale nou mal, lè y'ap di se yon bann malfektè nou ye, y'a gen pou yo rekonèt tout byen n'ap fè a, y'a fè lwanj Bondye lè la vin jije yo.

Si yon moun pa kenbe sa Kris la te moutre nou an, si li al pi lwen, li pa gen Bondye. Moun ki kenbe sa Kris la te moutre a, se li menm ki gen Papa a ak Pitit la.