Parese, kilè w'a sispann pase tout jounen ou kouche sou do? Kilè w'a souke kò ou leve sot nan dòmi?
TSK
TSK · Mark 13:36
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
¶ Pandan plizyè nwit, m' kouche sou kabann mwen, m' chache moun mwen renmen anpil la. M' chache l', mwen pa jwenn li.
Li di: -Tout chèf ki la pou avèti pèp mwen an, je yo pete. Yo pa konprann anyen. Yo tankou chen ki pa janm jape. Lespri yo byen lwen. Yo kouche tout lajounen, y'ap kabicha.
Pandan yo t'ap tann msye marye a ki te an reta, yo tout pran kabicha, dòmi vòlò yo.
Apre sa, li retounen. Li jwenn yo ap dòmi ankò paske yo pa t' kapab kenbe je yo louvri. Yo pa t' konn sa pou yo te reponn li.
Apre li fin lapriyè, li leve, li vin bò kot disip yo; li jwenn yo ap dòmi sitèlman yo te nan lapenn.
Paske, tout bagay ki parèt aklè tounen limyè. Se poutèt sa yo di: Leve non, ou menm k'ap dòmi an, leve soti nan mitan mò yo. Kris la va klere ou.