TSK

TSK · Numbers 26:11

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Men non pitit Kore yo: Asi, Elkana ak Abyazaf. Se tout fanmi Kore yo sa.

Yo desann tou vivan avèk tou sa ki te pou yo nan peyi kote mò yo ye a. Apre sa, tè a fèmen sou yo, yo disparèt nèt nan mitan pèp la.

Chaloum, pitit Kore, pitit pitit Ebyazaf nan branch fanmi Kore a, ansanm ak lòt moun nan fanmi Kore a te reskonsab veye pòtay pou antre nan kote ki apa pou Seyè a, tankou zansèt yo te fè l' anvan sa lè yo t'ap veye Pòtay kan Seyè a.

¶ Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. Bondye, nou te tande ak zòrèy nou tout gwo bagay ou te fè nan tan lontan. Wi, granmoun nou yo te rakonte nou tou sa ou te fè pou yo nan tan lontan.

¶ Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.

¶ Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.

¶ Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.