TSK

TSK · 1 Chronicles 1:4

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Noe te gen senksanzan lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.

¶ Seyè a di Noe: Antre nan gwo batiman an, ou menm ansanm ak tout fanmi ou, paske, nan tout moun k'ap viv koulye la a, se ou menm sèl mwen wè k'ap mache dwat devan mwen.

Lè l' mouri, li te gen nèfsansenkantan.

Menm jan nan tan Noe, mwen te pwomèt mwen p'ap janm kite gwo inondasyon rive ankò sou latè. Konsa tou, mwen pwomèt koulye a m' p'ap janm fache sou nou ankò. Mwen p'ap rele dèyè nou, mwen p'ap pini nou ankò.

Sak te rive nan tan Noe a, se sa k'ap rive tou lè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini.

Sa ki te rive nan tan Noe a se sa k'ap rive tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a vini.

Bondye pa t' fè pa moun nan tan lontan yo. Men, li te delivre Noe, yon nonm ki te mache dwat devan li, ansanm ak sèt lòt moun lè li te voye gwo inondasyon an sou mechan yo.