Men gad ki t'ap fè pòs nan pòtay Tanp lan. Se te Chaloum, Akoub, Talmon, Akiman ak lòt fanmi yo. Se Chaloum ki te chèf yo.
TSK
TSK · 2 Chronicles 34:13
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Obèd-Edon ak swasantwit lòt moun nan fanmi li t'ap ede yo nan travay yo. Osa ak Obèd-Edon, pitit gason Jeditoun lan, te reskonsab pòtay yo.
David mete vennkatmil pou dirije travay tanp lan, simil pou ekri tou sa k'ap pase ak pou rann jistis,
¶ Men jan yo te separe travay la pou moun Levi ki t'ap sèvi tankou gad nan pòtay Tanp lan. Nan branch fanmi Kore a, te gen Mechelemya, pitit gason Kore a ki te yon pitit Ebyasaf.
Men pwovizyon m'ap voye pou moun ou yo k'ap koupe pyebwa yo ak pou moun k'ap siye yo: sanmil barik ble, sanmil barik lòj, sandimil galon diven ak sandimil galon lwil oliv.
Te gen desansenkant moun gouvènè yo te chwazi pou sèvi fòmann. Se yo ki te reskonsab kontwole tout travay ki t'ap fèt yo.
Amarya, granprèt la, va pi gwo jij pou tout ka ki an rapò ak lalwa Bondye a. Zebadya, pitit Izmayèl la, chèf branch fanmi Jida a, va pi gwo jij pou tou sa ki an rapò ak lalwa peyi a. Se va reskonsablite moun Levi yo pou yo fè respekte tout desizyon n'a pran. Mete gason sou nou. Fe travay nou. Se pou Seyè a toujou kanpe la ak moun ki mache dwat yo.
Men, moun peyi Jida yo t'ap plede di: -Nou fin fèb nan pote chay! Gen twòp vye ranblè pou n' netwaye! Nou p'ap janm fin rebati miray sa a!
Lè sa a, chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi yo ki t'ap dirije pèp la reyini nan palè granprèt yo te rele Kayif la.