TSK

TSK · 2 Chronicles 36:12

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se konsa Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l': -Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kilè w'a aprann soumèt tèt ou devan mwen? Kite pèp mwen an ale pou l' ka fè yon sèvis pou mwen.

Manase te nan gwo lafliksyon, li rele Seyè a, Bondye li a, li rekonèt tout fòt li yo devan Seyè a, Bondye zansèt li yo.

Men, li pa t' rekonèt peche l' yo devan Seyè a, tankou Manase, papa l', te fè l' la. Li menm rive fè pi mal pase papa l' toujou.

¶ Wa Sedesyas te voye Pachou, pitit gason Malkija a, ak Sefanya, pitit gason Mesaja a, prèt la, bò kote Jeremi pou mande l' yon sèvis.

Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di Jeremi: -Ale pale ak Sedesyas, wa peyi Jida a, w'a di li konsa: Seyè a pral lage lavil Jerizalèm nan men wa Babilòn lan ki pral mete dife ladan l'.

¶ Yon lòt fwa ankò, wa Sedesyas voye chache pwofèt Jeremi, li fè yo mennen l' ba li bò twazyèm pòt pou antre nan kay Seyè a. Wa a di l' konsa: -Mwen gen yon bagay m' bezwen mande ou. Reponn mwen kare, pa kache m' anyen.

Men, ou menm Bèlchaza, pitit li, ou pa t' soumèt devan l', atout ou te konnen tout bagay sa yo.

Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa la leve nou lè pou l' leve nou an.