Seyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: -Seyè a, Seyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li.
TSK
TSK · 2 Samuel 24:14
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Nan denmen maten, domestik pwofèt la leve byen bonè, li soti. Li wè te gen yon gwo lame ki te sènen tout lavil la ak anpil chwal ak anpil cha lagè. Lamenm, l' al di Elize: --Mèt, mèt, malè sou nou! Kisa nou pral fè la a?
David reponn: -M' nan gwo tèt chaje! Men, m' pa vle tonbe anba men lèzòm menm! Pito se Seyè a ki pini m', paske li gen bon kè!
¶ Pou chèf sanba yo. Se David ki te ekri sòm sa a lè pwofèt Natan te vin pale avè l' aprè adiltè li te fè avèk Batcheba. Gen pitye pou mwen, Bondye. Jan ou gen bon kè sa a! Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal, paske ou gen kè sansib.
Seyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou!
Li lage yo nan men moun lòt nasyon yo. Moun ki te rayi yo mete pye sou kou yo.
Men, ou padonnen nou, pou n' ka respekte ou.
¶ Moun ki mache dwat okipe ata zannimo nan lakou yo. Men, mechan yo san zantray.
Se pou mechan yo kite move chemen y'ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k'ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Seyè a ki va gen pitye pou yo. Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an, paske l'ap padonnen tou sa yo fè.
Seyè a pa janm sispann renmen nou. L'ap toujou gen pitye pou nou.
Li lapriyè Seyè a, li di l' konsa: -Aa Seyè! Men sa m' t'ap di a wi, lè m' te nan peyi m' lan. Se sa menm wi, mwen pa t' vle rive a. Se poutèt sa mwen te vle al kache nan peyi Tasis. Mwen konnen ou: Ou se yon Bondye ki gen bon kè, ki gen pitye pou nou. Ou pa fè kòlè fasil, ou pa janm sispann renmen nou, se vre. Ou toujou pare pou padonnen moun, pou chanje lide pou ou pa pini yo.
Wi, w'a gen pitye pou nou ankò. W'a pran peche nou yo mete anba pye ou. W'a voye yo jete nan fon lanmè!
¶ Men koulye a, kè m' boulvèse. Mwen pa konn sa pou m' di. Mwen ta di: Papa, delivre m' anba sa ki pral rive koulye a. Men, se pou sa menm mwen vini, pou m' pase tan soufrans sa a.