TSK

TSK · 2 Samuel 4:8

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Sayil di nan kè l': Mwen pral kloure David sou miray la, epi li voye frenn lan an de fwa sou David. Men, chak fwa, David eskive frenn lan.

Li fè David konnen sa. Li di l': -Sayil, papa m', ap chache touye ou. Denmen maten, rete sou prigad ou. Al kache kò ou yon kote. Pa soti menm.

¶ David kouri kite lavil Najòt nan zòn Rama a, li chape kò l', l' al jwenn Jonatan epi li di l': -Kisa m' fè? Kisa m' fè ki mal? Kisa m' fè papa ou pou li vle touye m' konsa?

Mesye yo di David konsa: -Men chans ou, men okazyon Seyè a te di l'ap ba ou a. Seyè a te di: L'ap lage lènmi ou la nan men ou, w'a fè sa ou vle avè l'. David leve, li mache tou dousman, li koupe yon moso nan rad Sayil san Sayil pa konn sa.

¶ Akimaz, pitit gason Zadòk la, di Joab konsa: -Kite m' kouri al fè wa a konnen jan Seyè a rann li jistis, jan li delivre l' anba men lènmi l' yo.

Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen.

Tout lajounen m'a fè konnen jan ou pa nan patipri, paske moun ki te vle wè malè rive m' yo gen pou yo wont. Yo p'ap konn sa pou yo fè.

Luke 18:7 TSK

Bon! Eske Bondye pa ta regle zafè pitit li yo, moun li menm li chwazi yo, lè y'ap rele nan pye l' lajounen kou lannwit? Eske l'ap pran anpil tan pou l' ede yo?

Ou menm, sièl la, ou mèt kontan pou sa ki rive lavil la! Nou menm pèp Bondye a, apòt yo, pwofèt yo, nou mèt kontan tou! Paske, Bondye peni li pou sa l' te fè nou.