TSK

TSK · Acts 21:31

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Adonija te fin manje ansanm ak tout envite l' yo lè yo tande bri a. Lè Joab tande twonpèt la, li mande: -Pouki tout bri sa a nan lavil la?

Mark 14:2 TSK

Yonn t'ap di lòt: -Nou pa kapab arete l' pandan jou fèt yo, paske sa ka kreye dezòd nan pèp la.

Kolonn sòlda yo, kòmandan an ansanm ak gad jwif yo mete men sou Jezi, yo mare li.

Acts 17:5 TSK

Men, jwif yo t'ap fè jalouzi anpil. Yo pran kèk vakabon yo jwenn nan lari a ak yo, yo sanble yon foul moun, yo mache fè dezòd nan tout lavil la.

Si se sa, se pa ou menm ki ejipsyen an, nonm ki te kòmanse yon revolisyon tou lòt jou a epi ki te mennen katmil bandi avè l' nan dezè a?

Pòl rele yonn nan ofisye yo, li di li: Mennen jenn gason sa a bò kot kòmandan an: li gen kichòy pou l' di li.

Acts 24:7 TSK

Men, kòmandan Lizyas antre nan koze a, li aji yon jan brital ak nou, li wete li nan men nou.

Se konsa, nan denmen Agripa ak Berenis vin nan mitan yon gwo kòtèj. Yo antre nan sal odyans lan avèk tout chèf militè yo ansanm ak notab lavil la. Festis bay yon lòd, epi yo mennen Pòl vini.

Eske yo se moun k'ap sèvi Kris la? (M'ap pale koulye a tankou moun ki deraye nèt.) Mwen sèvi Kris la plis pase yo: mwen travay pase yo, yo mete m' nan prizon pi plis pase yo, yo bat mwen pi plis pase yo, mwen manke mouri pi souvan pase yo.