TSK

TSK · Amos 1:2

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Te gen yon nonm moun lavil Maon ki te gen bitasyon l' lavil Kamèl. Nonm lan te rich anpil: li te gen twamil tèt mouton ak mil tèt kabrit. Lè sa a, msye te lavil Kamèl pou fè taye lenn mouton l' yo.

¶ Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Moun ki mete l' ankòlè a, se pwòp tèt li l'ap fè mal.

Dezè pral kouvri ak flè, yo pral fè fèt. Yo pral chante. Yo pral gen gwo pyebwa tankou mòn Liban. Yo pral plen bèl pyebwa tankou mòn Kamèl ak mòn Sawon. Tout moun va wè gwo pouvwa Seyè a. Y'a wè bèl bagay Bondye nou an fè.

Kilè n'a sispann wè tè a sèk? Kilè n'a sispann wè zèb nan jaden yo ap fennen? Zannimo yo ap mouri, zwezo yo ap depafini. Tou sa, akòz mechanste pèp la k'ap plede di Bondye pa wè sa n'ap fè.

¶ Ou menm, Jeremi, se pou ou fè yo konnen tou sa mwen di ou. W'a di yo: -Seyè a rete anwo nan syèl la, l'ap gwonde. Li rete nan kay ki apa pou li a, l'ap pale byen fò. L'ap gwonde anwo pèp li a. L'ap rele tankou moun k'ap kraze rezen. Li move sou tout moun ki rete sou latè.

M'ap tonbe sou yo tankou yon manman lous yo pran pitit li. M'ap dechire yo. M'ap devore yo lamenm tankou yon fenmèl lyon. M'ap dechire yo tankou yon bèt nan bwa.

Joel 1:16 TSK

N'ap gade konsa, rekòt nou yo ap disparèt devan je nou san nou pa ka fè anyen! Pa gen kè kontan, pa gen fèt nan kay Bondye nou an!

Joel 3:16 TSK

Seyè a rete sou mòn Siyon, l'ap gwonde. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale byen fò. Syèl la ak latè a ap tranble. Men, se Seyè a k'ap pwoteje pèp li a. Se li k'ap pran defans moun Izrayèl yo.

Amos 3:8 TSK

Lè lyon gwonde, ki moun ki p'ap gen kè kase? Lè Seyè a pale, ki moun ki ka enpoze pwofèt yo bay mesaj la?

Amos 9:3 TSK

Si y' al kache sou tèt mòn Kamèl, m'ap chache yo, m'ap mete men sou yo. Si y' al kache pou mwen nan fon lanmè, m'ap bay gwo sèpan lanmè a lòd pou l' mòde yo.