TSK

TSK · Amos 9:10

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Mechan an di nan kè l': -Bondye p'ap okipe bagay konsa. Li fèmen je l', li p'ap janm wè m'.

Y'ap plede di: Se pou Bondye fè vit! Se pou li prese fè sa l'ap fè a pou nou ka wè l'. Se pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa prese fè travay li vle fè a, pou nou ka wè sa li gen nan tèt li.

Nan lavil Siyon, moun k'ap fè sa ki mal yo pral gen kè sere. Moun ki refize fè sa Bondye mande a pral tranble. Y'ap di: Jijman Bondye se tankou yon gwo dife k'ap boule san rete. Kilès nan nou ki ka chape anba yon dife konsa?

¶ Lè sa a, pèp la va di: -Annou moute yon konplo sou do Jeremi. N'a toujou jwenn prèt pou di nou sa Bondye vle. Va toujou gen moun ki gen bon konprann pou ban nou konsèy. Va toujou gen pwofèt pou fè nou konnen mesaj Bondye yo. Annou wè! Ann touye l' anba kout lang. Nou pa bezwen tande sa l'ap di nou la a.

M'ap wete nan mitan nou tout moun k'ap fè wòklò, tout moun k'ap kenbe tèt avè m' pou fè peche. M'ap fè yo soti kite peyi kote y'ap viv koulye a, men yo p'ap mete pwent pye yo nan peyi Izrayèl la. Lè sa a n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Amos 6:1 TSK

¶ Sa pral rèd nèt pou moun k'ap mennen lavi dous nan peyi Siyon an, pou moun sou mòn Samari ki kwè pa gen danje pou yo! Yo pase pou lelit nan peyi Izrayèl, premye peyi sou latè. Se bò kote yo pèp la ap kouri vini. Yo di:

Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo menm ap esplike lalwa a pou lajan. Ata pwofèt yo ap fè prediksyon pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Seyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Seyè a bò kote nou!

Nan tout peyi a, sou chak twa moun, de pral mouri, yonn va rete.

Koulye a, nou tou wè se awogan yo k'ap viv ak kè kontan. Moun k'ap fè mal yo, se yo ki wè zafè yo ap mache. Yo sonde Bondye pou wè kote li ye ak yo epi anyen pa rive yo.

Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife.

Se konsa sa pral rive tou lè tout bagay va fini. Zanj Bondye yo va vini, y'ap mete mechan yo yon bò, moun ki fè sa ki byen yo yon bò.