TSK

TSK · Daniel 11:30

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè sa a, moun ap soti lavil Kitim nan bato vin anvayi peyi a. Yo pral kraze peyi Lasiri ak lavil Babilòn. Men, ata moun Kitim yo gen pou disparèt nèt tou.

Lè m' kalkile, mwen wè se pa t' Bondye ki te ba l' mesaj sa a pou mwen. Se Tobija ak Sanbala ki te peye l' pou l' te di m' sa.

Li di: -Nou menm, moun lavil Siyon, nou pa nan fè fèt ankò! Nou tankou yon jenn fi yo ta fè kadejak sou li. Nou mèt leve, travèse lòt bò lanmè. Al nan peyi Kitim. Menm la, yo p'ap kite nou an repo.

Yo pran bwadchenn peyi Bazan pou fè zaviwon. Yo voye chache bwa sèd nan lil Chip pou fè pon an. Lèfini, yo plake moso ivwa sou tout pon an.

Wa peyi Siri a ap tounen nan peyi l' ak anpil richès l'ap piye nan peyi Lejip. Apre lagè a, l'ap soti pou l' kraze relijyon pèp Bondye a. L'ap fè sa li te gen lide fè a. Lèfini, l'ap tounen tounen l' nan peyi l'.

¶ Se poutèt sa, fè kè n' kontan, nou menm sièl ak tout moun ki rete nan sièl la. Men, malè pou latè ak lanmè, paske Satan desann sou nou. Li move anpil, paske li konnen pa rete l' anpil tan ankò.