TSK

TSK · Daniel 2:34

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Seyè a kanpe sou bò dwat ou. Lè l' ankòlè l'ap krabinen wa yo.

¶ Se pou yo rele byen fò lè y'ap fè lwanj Bondye, avèk nepe nan men yo,

Paske y'ap detwi tout nasyon ak tout wa ki pa vle sèvi nou yo. Y'ap kraze peyi sa yo nèt ale.

Li mezire yon lòt senksan mèt. Rive la, se te yon gwo larivyè. Mwen pa t' ka mache janbe l' ankò, dlo a te twò fon. Se naje pou m' ta naje travèse l'.

Nan menm vizyon mwen t'ap fè lannwit lan, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Li t'ap vini sou tèt nwaj yo nan syèl la. Li pwoche bò granmoun ki te la depi nan konmansman an. Yo prezante l' ba li.

L'ap rize anpil. L'a reyisi chak fwa l'ap twonpe moun. L'ap fè lwanj tèt li. San bay avètisman, l'ap detwi anpil moun ki t'ap viv ak kè poze. L'ap atake ata pi gwo chèf la, chèf tout chèf yo. Men li menm, rive yon lè l'ap disparèt, san se pa ankenn moun ki fè l' anyen.

Lè sa a, m'ap fè lavil Jerizalèm tounen yon gwo wòch lou kou pwa senkant. Tout nasyon ki va chache leve l' va foule anba l'. Tout moun sou latè pral mete ansanm pou yo atake l'.

John 1:13 TSK

Yo pa t' vin pitit Bondye jan sa fèt pami lèzòm sou latè, paske sa pa t' soti nan egzijans lachè, ni nan volonte lèzòm. Se Bondye menm ki te papa yo.

¶ Wi, nou konnen lè kò nou gen sou latè a va demoli tankou yon kay, Bondye sere yon lòt kay nan syèl la, yon kay byen solid k'ap la pou tout tan. Se li menm menm k'ap bati kay sa a pou nou.

Pou nou menm ki mete konfyans nou nan wòch la, wòch la gen anpil valè. Men, pou moun ki pa mete konfyans yo nan li, sa ki ekri nan Liv la pral rive vre: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.

¶ Y'a goumen kont ti Mouton an. Men, ti Mouton an va kraze yo, paske li Chèf tout chèf, li Wa tout wa. Li va kraze yo avèk moun pa l' yo, moun Bondye te rele, moun li te chwazi, moun ki kenbe fèm ak li.