Nou lakòz Seyè a te fache ata avè m', epi li di m': Ou menm tou Moyiz, ou p'ap antre nan peyi a.
TSK
TSK · Deuteronomy 4:21
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Konsa, p'ap gen moun pòv nan mitan nou, paske Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi l'ap ban nou pou byen eritaj nou an, nan peyi nou pral pran pou nou an.
Se konsa, nou p'ap kite yo touye moun ki inonsan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou rele nou pa nou. Si nou kite sa rive, n'a peye pou sa nou fè a.
pa janm kite kadav la pase nwit sou pyebwa a. Se pou nou antere l' menm jou a, paske yon kadav pann nan yon pyebwa se bagay ki pa fè Bondye plezi. Se konsa nou p'ap kite yo fè ankenn vye bagay ki pou fè Seyè a, Bondye nou an, vire do ban nou nan peyi Seyè a pral ban nou pou nou rete a.
¶ Lè n'a rive nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou rele nou pa nou an, lè n'a fin pran tout peyi a pou nou pou nou rete ladan l',
Pèp la te fè Seyè a fache anpil bò sous dlo Meriba a. Sa te fè Moyiz lapenn pou yo.