Rekab ak Bana, pitit gason Rimon, moun lavil Bewòt la, pati pou lakay Ichbochèt. Yo rive vè midi. Lè sa a, Ichbochèt t'ap fè yon ti dòmi pou poze kò l'.
TSK
TSK · Esther 2:21
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
2 Samuel 4:5
TSK
1 Kings 15:25
TSK
¶ Wa Asa te gen dezan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Nadad, pitit gason Jewoboram, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen peyi a pandan dezan ase.
2 Kings 9:22
TSK
Joram mande l': --Eske ou vin an zanmi? Jeou reponn: --Ki zanmi w'ap pale la a lè manman ou, Jezabèl, ap donnen pi rèd nan fè maji ak nan sèvi zidòl?
2 Kings 21:23
TSK
Chèf ki t'ap sèvi avèk Amon yo fè konplo, yo touye l' anndan palè a.
Esther 6:2
TSK
Nan sa yo li a, te gen yon pòsyon kote yo te rakonte ki jan Madoche te dekouvri konplo de nan domestik konfyans wa a, Bigtan ak Tèrèch, ki t'ap fè pòs devan chanm wa a, te moute pou yo ansasinen wa a.