TSK

TSK · Genesis 21:20

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Pitit gason ou lan va tankou yon bourik mawon. L'ap chache tout moun kont. tout moun va chache l' kont. Li p'ap mele ak tout frè l' yo. L'ap viv pou kont li.

Timoun yo grandi. Ezaou te vin yon bon chasè, li te toujou nan bwa. Men Jakòb te yon nonm byen dousman, li te renmen rete lakay.

Pa bliye, m'ap toujou la avèk ou, m'ap voye je sou ou kote ou pase. M'ap fè ou tounen nan peyi sa a, paske mwen p'ap lage ou san m' pa fè tout sa mwen sot di ou la a.

Mèt li tout te wè Seyè a te avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l' mache byen.

Y'ap chache l' kont, y'ap voye wòch sou li. Moun k'ap voye flèch yo tounen yon pèsekisyon pou li.

¶ Apre sa, madanm lan fè yon pitit gason, li rele l' Samson. Pitit la grandi, Seyè a te beni l'.

Luke 2:40 TSK

Pitit la menm t'ap grandi, li t'ap devlope. Li te gen kont lespri l', epi favè Bondye te avèk li.