TSK

TSK · Genesis 32:20

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Lè sa a, Izrayèl, papa yo, di: -Bon. Si se konsa sa ye, men sa pou n' fè: n'ap pran pi bon danre ki gen nan peyi a, n'ap mete nan sak nou, n'ap pote fè nonm lan kado: gonm santi bon, siwo myèl, lansan, lami, pistach ak nwa.

Koulye a, kalkile byen sa ou wè ou ka fè, paske bagay la ka vire mal ni pou mèt nou ni pou tout fanmi l'. Mari ou sitèlman gen move jan, moun pa ka pale ak li.

Job 42:8 TSK

Atòkile, men sa pou nou fè: Pran sèt towo bèf ak sèt belye mouton. Al jwenn Jòb ak yo. N'a ofri yo pou nou, n'a boule yo nèt. Jòb li menm va lapriyè pou nou. M'a reponn li. Konsa, m'a fè pa nou. Mwen p'ap pini nou deske nou pa t' pale byen sou mwen, jan Jòb, sèvitè m' lan, te fè l' la.

¶ Yon moun ki gen san wo toujou ap pouse dife. Men, moun ki pa fè kòlè fasil toujou ap mete lapè.

¶ Lè yon moun fache sou ou, si ou ba li yon kado an kachèt, w'a fè l' vin frèt. Wi, yon kado glise nan pòch li ap kase fe l'.

Se pou l' korije moun ki pa dakò avè l' avèk dousè. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y'ap viv la, pou yo vin konn verite a.